Fowòm pou lapè

Wa Vodou Augustin Saint Cloux mande inite ak tèt ansanm nan mitan pèp ayisyen an

Pòtoprens, 21 septanm 2026

Nan okazyon Jounen Entènasyonal pou Lapè a, Wa Vodou ayisyen an, Augustin Saint Cloux, te patisipe nan Fowòm Sitwayen pou Lapè a, Òfis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) te òganize. Li felisite OPC pou desizyon li pran pou reyini plizyè sektè nan sosyete a, pami yo sektè Vodou a, pou reflechi sou vyolans ansanm ak kriz politik, ekonomik ak sosyal k ap alimante vyolans nan peyi a.
Dapre Wa Vodou a, kriz politik, ekonomik ak sosyal peyi a ap travèse yo gen gwo konsekans sou lavi popilasyon an e yo kontribye nan ogmantasyon vyolans lan. Li konsidere dyalòg ant diferan sektè yo kòm yon etap enpòtan pou chèche solisyon ak pwoblèm peyi a ap fè fas.
Augustin Saint Cloux preche linite, lapè ak tèt ansanm, pou tout sitwayen peyi a kapab mete tèt yo ansanm pou chèche yon pi bon avni pou Ayiti.
Li fè konnen lapè se youn nan pi gwo bagay tout moun ki renmen Ayiti ap mande. Li site sitou moun nan Nò ak nan Sid peyi a, ki gen gwo difikilte pou travèse Gran Nò ak Gran Sid pou ale nan kapital la.
Sitiyasyon sa a vin pi difisil toujou akoz vyolans gwoup ame yo, ki touche plizyè komin ak depatman atravè peyi a. Pou Wa Vodou a, se youn nan rezon ki fè dyalòg ak chita pale tankou fowòm sa a gen anpil enpòtans, sitou nan okazyon Jounen Entènasyonal pou Lapè.
Wa Vodou a pa pran pozisyon sou eleksyon 13 desanm lan
Konsènan eleksyon ki prevwa pou fèt 13 desanm 2026, Augustin Saint Cloux pa pran pozisyon ni pou ni kont òganizasyon eleksyon yo.
Lè yo te mande l si dat 13 desanm lan ap respekte, Wa Vodou a deklare se lè li soti nan Ginen li pral bay yon repons sou kesyon an.
Sepandan, Augustin Saint Cloux fè konnen li deja enskri kòm elektè. Li envite tout Vodouyizan yo al enskri kòm elektè pou yo kapab patisipe nan vòt la si eleksyon yo ta rive fèt nan peyi a.
Wa Vodou a pa pwononse l sou transfè moun yo nan dosye Jovenel Moïse la
Sou kesyon transfè 17 Kolonbyen ak yon Ayisyen ale Ozetazini, nan kad pwosè ki gen rapò ak asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, Augustin Saint Cloux pa pran pozisyon.
Entèvansyon Wa Vodou a te plis konsantre sou nesesite pou gen lapè, inite ak tèt ansanm nan peyi a.
Nan fen mesaj li, Augustin Saint Cloux mande pou gen lapè pou tout moun ak pou tout pèp sou latè, nan lespri Jounen Entènasyonal pou Lapè a.

Redaction : Sinoïs Francius
Production : SINOTEAM MEDIA INFO
Contact : (509) 3674-3106

Laisser un commentaire

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture